Pediatric Associates Health Plan, managed by pediatricians, is for children.
The Only Health Plan Exclusively For Children - Managed By Your Pediatrician
Pediatric Associates - Open 365 days a year
Sant Manm Página de inicio > Sant Manm > Pwogram Sante ak Byennetyo> Pwogram Pou Maladi Dyabèt
Manual para socios
Programas de salud y bienestar
Directorio de proveedores
Farmacia / Lista de fármacos preferidos (PDL)
Consejos pediátricos & folletos
Enlaces recomendadoss
Beneficios aumentados
Inscribirse de PAHP
ABC's para la elegibilidad
Preguntas frecuentes
Contáctenos
 

Lis Pou Kenbe kont sou Dyabèt ou an

Lis Kontwòl Dyabèt se yon gid pou ede w kenbe dyabèt ou sou kontwòl. Itilize lis la chak fwa ou ale nan klinik Doktè premye swen ou (PCP).

Nan chak vizit, ou ta dwe mande:

  • Medikaman w ap pran.
  • Fèy kontwòl glisid ou konsève.
  • Tansyon ou. Si tansyon an wo, li kapab lakòz pwoblèm avèk kè ou.
  • Gwosè ou. Pifò moun ki genyen dyabèt se moun ki twò gwo. Si w diminye gwosè ou enpe, sa ap amelyore sante ou.
  • Pye ou. Kèk moun ki gen dyabèt pèdi sansasyon yo nan pye. Ou kapab genyen blesi oswa mètri nan pye ou san w pa konnen sa.

Omwen 2 a 4 fwa pa ane, ou ta dwe:

  • Fè yon tès A1C. Tès sa a ap endike nivo sik ki nan san ou sou kèk mwa pase. Ou vle yon nivo 7 oswa mwens

Omwen 1 fwa pa ane, ou ta dwe mande PCP ou pou fè:

  • Tès pye ou: Tès sa a rele yon tès monofilaman. L ap endike w si nè ki nan pye ou fonksyone byen.
  • Tès pipi: Tès sa a rele yon tès mikwo albimin. L ap di w si genyen pwoteyin nan pipi ou. Pwoteyin nan pipi kapab yon siy maladi ren.
  • Tès san: Tès sa a rele tès pwofil lipid. Li gade matyè gra ki nan san ou. Matyè gra ki nan san ou kapab lakòz ou gen pwoblèm kè.
  • Tès zye: Tès sa a rele egzamen zye dilate. Pafwa, dyabèt kapab lakòz pwoblèm zye oswa sa kapab fè w vin avèg.
  • Piki kont Lagrip: Piki kont lagrip se yon piki ki rekòmande chak ane pou tout moun ki genyen gwo risk. Moun ki gen maladi dyabèt genyen gwo risk.

Itilize gid sa a chak fwa ou wè PCP ou. Depi w itilize gid sa a, ou kapab detekte pwoblèm yo bonè. Epi sonje - tretman pwoblèm yo bonè se pi bon pwoteksyon ou.

   
© 2009 Pediatric Associates Health Plan | Legal Statement & Terms of Use. Home | Site Map | Email this Page | Print
Visit AmeriHealth Mercy | Visit Pediatric Associates. Notice of Privacy Practices for Members