Pwogram Tchekòp Medikal Pou Timoun
Pwogram CHCUP deziyen pou ofri yon pake swen medikal prevantif konplè ant jou akouchman ak laj 21 ane epi pou anvizaje dyagnostik bonè ak tretman maladi. Maladi sa yo kapab vin pi grav epi/oswa lakòz swen medikal yo koute anpil lajan si yo pa detekte yo bonè. Entèvansyon yo konsantre sou manm, pratisyen ak kominote a. Pwogram CHCUP gen ladan antretyen yon sistèm kouwòdone pou swiv Manm yo atravè divès kalite tès depistaj ak tretman, epitou pou founi fòmasyon CHCUP pou founisè swen medikal yo.
|