![]() |
|
![]() |
| About Us | News & Events | Provider | Member | Enroll | Contact Us | Your PCP | ||
| Espanol: Conózcanos • Miembro | Kreyol: Konsènan Nou • Sant Manm |
| Sant Manm| | Paj-Dakè > Sant Manm > Pwogram Sante ak Byennèt yo > Opresyon > Enfòmasyon Rapid sou Opresyon |
Enfòmasyon Rapid sou OpresyonMaladi opresyon se yon maladi poumon ou kab genyen a nenpòt ki laj. Gen jan pou kontwole li, e si li pa byen kontwole, l ap domaje bwonch ou seryezman. Yon kriz opresyon rive lò mis ki antoure bwonch ou yo kontrakte toudenkou poutèt yon bagay ki irite yo, kidonk ki deklannche kriz opresyon an. Lè sa a, bwonch yo vin wouj, yo anfle, yo plen ak flenm. Sa kòz ke lè ki rantre nan poumon ou vin twouve li bloke. Sa ki deklannche opresyon, se dè bagay ki fè bwonch ou yo anfle anmèmtan ke mis ki antoure bwonch yo vin di. E se sa ki bay fikilte pou respire. Gen anpil bagay ki kab deklannche kriz opresyon: se kab yon bagay ou alèjik a li; lafimen, lodè ki fò tankou pafen oubyen pwodui pou fè lè a fre, enfeksyon, egzèsis oubyen chanjman tanperati. Chèche konnen sa ki deklannche opresyon nan ou menm!! Opresyon w BYEN kontwole:
Asire ke doktè ki trete ou pou opresyon konnen ke w’ansent. Pousizoka ou pa ta deja genyen fòm Plan Daksyon pou Opresyon an, pran fòm sa a ki vin jwenn ou nan anvlòp la, epi nan pwochen apwentman ou genyen ak doktè ou, pote l ba li pou li ka fil li pou ou. Asire ke doktè jinekològ ou okouran de Opresyon w, okouran de nenpòt ki medikaman ke w ap pran pou Opresyon. Mande doktè w pou li ba ou yon preskripsyon pou sa ki rele yon “peak flow meter”. Se yon aparèy ki mezire jan ke ou respire. Sèvi avè l chak jou pandan ke w ap sèvi ak Plan Daksyon an. Sa va ede ou konnen kilè pou rele doktè w oubyen ki lè pou chèche wout Sal Dijans. Opresyon w PA BYEN kontwole:
Si opresyon w pa byen kontwole, chèche wè doktè ou pi vit ke posib. Si Opresyon an vin pi mal, oubyen ou sètoblije al nan Sal Dijans, oubyen si ou genyen nenpòt ki pwoblèm ak gwosès ou, tanpri rele yon enfimyè nan ekip ki rele “Mommy and Me” an. Rele nan 1-866-205-9945. Nan opsyon telefòn lan ap ba w, peze chif 3 a. |
|
| © 2009 Pediatric Associates Health Plan | Legal Statement & Terms of Use. | Home | Site Map | Email this Page | Print |
| Visit AmeriHealth Mercy | Visit Pediatric Associates. | Notice of Privacy Practices for Members |